Li Pawòl Bondye a: Bib la
- What does this tell you about God?
- What does this tell you about Jesus?
- What does this tell you about people?
- If this is true, what difference would it make in your life?
- Who are five people who you can share your discoveries with?
Lik 24:1-53
1Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a. 2Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen sòti devan bouch kavo a. 3Yo antre, men yo pa jwenn kò Senyè Jezi. 4Yo te la konsa, yo pat konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere. 5Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè. Men de moun yo di yo konsa: — Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? 6Li pa isit la, li resisite. Chonje sa li te di nou lè li te Galile a. 7Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo. Yo gen pou yo kloure l sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve sòti vivan ankò. 8Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo. 9Yo sòti kite kavo a, y'al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo. 10Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jàn ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la. 11Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pat kwè yo. 12Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sa k te rive a. 13Menm jou sa a, te gen de disip ki ta pral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm. 14De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase. 15Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo. 16Yo te wè l, men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li. 17Li di yo: — Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris. 18Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: — Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sa k te rive nan senmenn ki sot pase a? 19Li di yo: — Kisa k te rive konsa? Yo reponn li: — Tou sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen. 20Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l amò, epi yo kloure l sou yon kwa. 21Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pèp Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. 22Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a. 23Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan. 24Gen kèk zanmi nou yo kal nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l la. Men li menm, yo pa wè li. 25Lè sa a Jezi di yo: — Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa! 26Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l te resevwa lwanj li? 27Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo. Li konmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo. 28Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen. 29Yo kenbe l, yo di li: — Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l rete ak yo. 30Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l, epi li ba yo li. 31Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo. 32Yonn pran di lòt: — Eske nou pat santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l t'ap esplike nou sa k te ekri nan Liv yo? 33Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo. 34Yo tout t'ap di: — Se vre wi, Senyè a resisite. Simon wè li. 35Lè sa a, de disip yo pran rakonte sa k te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l te kase pen an. 36Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: — Lapè avèk nou . 37Yo te pè, yo pran tranble. Yo te kwè se yon zonbi k'ap pale ak yo a. 38Men, Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Poukisa tout lide sa yo nan tèt nou? 39Gade men mwen, gade pye mwen. Nou mèt manyen wi. Gade mwen byen: yon lespri pa gen chè, li pa gen zo, jan nou wè mwen an. 40Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l ak pye l yo. 41Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pat kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: — Eske nou gen kichòy la a pou manje? 42Yo ofri l yon moso pwason boukannen. 43Li pran l, li manje l devan je yo. 44Epi li di yo: — Men sa m t'ap di nou an lè m te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive. 45Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo. 46Li di yo: — Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l sòti vivan nan lanmò. 47Y'a pran non l pou yo mache fè konnen mesay la nan tout peyi, konmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. 48Nou temwen tout bagay sa yo. 49Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap sòti anwo nan syèl la va desann sou nou. 50Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l beni yo. 51Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la. 52Yo menm menm, lè yo fin adore l, yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan. 53Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.Read More







