Li Pawòl Bondye a: Bib la
- What does this tell you about God?
- What does this tell you about Jesus?
- What does this tell you about people?
- If this is true, what difference would it make in your life?
- Who are five people who you can share your discoveries with?
Lik 1:1-80
1Sonnekselans Teyofil, plizyè moun ekri deja sou istwa tout evènman ki te pase nan mitan nou yo. 2Yo rakonte nou yo jan yo te wè yo ak pwòp je pa yo depi nan kòmansman. Moun sa yo vin tounen sèvitè pawòl Bondye a. 3Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Kounyeya, mwen kwè se yon bon bagay pou m ekri yo tout, yonn apre lòt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chèf mwen. 4Konsa w'a kapab rekonèt tou sa yo te moutre ou yo se verite yo ye. 5Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la. 6Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san okenn repwòch. 7Men, yo pat gen pitit paske Elizabèt pat kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun. 8Yon jou, Zakari te desèvis devan Bondye, paske se te tou pa gwoup pa li a. 9Dapre koutim sèvis la, yo te fè tirajosò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve se Zakari ki te soti. 10Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an. 11Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari. Li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an. 12Lè Zakari wè l, li sezi. Li te pè anpil. 13Men zanj lan di li: — Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason. Ou va rele l Jan. 14Ala kontan w'a kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. 15Bondye, Mèt la, ap ba li anpil enpòtans. Li p'ap bwè ni diven ni okenn lòt alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri. 16L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. 17L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit. L'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la. 18Zakari di zanj lan konsa: — Ki jan pou m fè kwè sa w'ap di m la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou. 19Zanj lan reponn li: — Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m pale avè ou, pou m pote bòn nouvèl sa a ba ou. 20Men, paske ou pa kwè sa m' di a, ou pral bèbè, ou p'ap ka pale jouk bagay sa yo rive. 21Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari. Yo te sezi wè jan l te mize nan tanp lan. 22Men, lè Zakari sòti, li pat kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l, men li pat kapab pale. 23Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li. 24Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay. Li t'ap di: 25— Gade sa Mèt la fè pou mwen non! Se kounyeya sa fè l plezi pou l wete dezonè m devan lèzòm. 26Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt, Bondye voye zanj Gabriyèl zòn Galile nan vil Nazarèt. 27Bondye te voye l kay yon jennfi ki te fyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. 28Zanj lan antre lakay Mari, li di li: — Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. 29Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l kisa bonjou sa a te vle di. 30Men, zanj lan di li: — Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. 31Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. 32Y'ap ba li anpil konsiderasyon, y'a rele li Pitit Bondye ki nan syèl la. Mèt la, Bondye nou an, va fè li wa tankou David, granpapa li. 33L'a gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l lan p'ap janm fini. 34Mari di zanj lan konsa: — Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! 35Zanj lan reponn li: — Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l Pitit Bondye. 36Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l ansent yon pitit gason. Yo te di l pat kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès. 37Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. 38Mari di li: — Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m jan ou di a. Epi zanj lan kite li. 39Yon ti bout tan apre sa, Mari leve bridsoukou, li met deyò. Li pran wout mòn zòn Jide. 40Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou. 41Lè Elizabèt tande boujou Mari di li a, pitit la pran jwe kò li nan vant li, sitèlman li kontan. Lamenm, Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri. 42Li pran pale byen fò, li di konsa: — Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li. 43Kisa m ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? 44Gade! Bonjou a poko menm rive nan zòrèy mwen, pitit la gentan pran brase kò li nan vant mwen, tèlman li kontan. 45Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre. 46Lè sa a, Mari di: Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a. 47Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen. 48Paske li voye je l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi kounyeya, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni! 49Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte. 50L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. 51Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo. 52Li desann chèf ki te byen chita nan fòtèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. 53Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen. 54Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, 55pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo. 56Mari pase twa mwa konsa ak Elizabèt. Apre sa, li tounen lakay li. 57Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason. 58Vwazinay ak fanmi l yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li. 59Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la. Yo te vle rele l Zakari, menm non ak papa li. 60Men, manman l di yo: — Non, se Jan pou l rele. 61Yo di l konsa: — Men, pa gen pèsonn nan fanmi ou ki rele Jan. 62Yo fè papa a siy pou mande l ki non li ta vle bay pitit la. 63Zakari mande yon bagay pou l'ekri, epi li ekri pawòl sa yo: — Se Jan ki non li. Tout moun te sezi. 64Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò. 65Tout moun ki te nan vwazinay la te pè. Nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jide a. 66Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo. Yonn t'ap di lòt: — Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre. 67Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran fè konnen pawòl Bondye te mete nan bouch li: 68Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj. 69Li voye yon moun avèk gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li sòti. 70Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. 71Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo. 72Se konsa l'a gen pitye pou zansèt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a. 73Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an. 74Li te di l konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l san nou p'ap bezwen pè. 75Wi, l'a fè nou viv apa pou Bondye, l'a fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou. 76— Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, w'a pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li. 77Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo. 78Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè sòti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve. 79Li gen pou l klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbray lanmò. Li gen pou l fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a. 80Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l t'ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la.Read More